EPA Water bay pèmi pou Enstalasyon Estokaj Petwòl Brit) Bulk Petroleum Storage Facilities Pral Pwoteje kominote Chelsea Creek ak Kominote Lokal yo

Publilshed by the U.S. Environmental Protection Agency (EPA)

BOSTON – Ajans Pwoteksyon Anviwònman (Environmental Protect Agency, EPA) Etazini te bay pèmi final yo anba Lwa pou Gen Dlo Pwòp (Clean Water Act) pou enstalasyon estokaj petwòl brit toutolon Rivyè Chelsea(ki rele Chelsea Creek tou). Pèmi nou rebay yo ap egzije pou enstalasyon yo fè aksyon pou limite dechaj dlo tanpèt ak lòt dechaj dlo ki pa dlo tanpèt ki kapab dechaje legalman nan Rivyè Chelsea epi pou yo endike pratik jesyon ki deziyen pou kontwole polisyon nan enstalasyon yo. Limit yo ak kontwòl yo pral asire dechaj yo pa domaje kalite dlo a, pa domaje plant yo ak bèt vivan yo ki nan rivyè a oswa pa afekte sante moun yo. Pèmi EPA bay yo ap konsidere konsekans chanjman klima a, sitou ogmantasyon gravite ouragan ak inondasyon.

Pèmi sa yo EPA bay pou “Sistèm Nasyonal Eliminasyon Dechaj Polyan” (National Pollutant Discharge Elimination System, NPDES)se pou senk enstalasyon ki resevwa, estoke epi distribiye pwodui abaz petwòl tankou gazolin, dizèl, konbistib djèt ak mazou epi yo ranplase pèmi nou te bay yo nan ane 2014. Enstalasyon yo resevwa pwodui abaz petwòl yo ak aditif yo an gwo kantite nan bato oswa bak sou waf bato maren epi yo transfere pwodui yo nan tank estokaj ki pa nan sòl la epi ki nan zòn pak rezèvwa enstalasyon yo. Transpò pwodui abaz petwòl yo fèt nan kamyon-sitèn, bato oswa gazodik.

Men senk enstalasyon yo: Global Companies, LLC Terminal nan Revere; Gulf Oil Terminal nan Chelsea; Irving Oil Revere Terminal nan Revere; Chelsea Sandwich Terminal nan Chelsea; and Sunoco Logistics East Boston Terminal nan Boston.

David W.CASH, Administratè Rejyonal EPA New England di konsa: “EPA te travay di pou modifye pèmi sa yo konsènan dlo pwòp pou asire enstalasyon yo kontwole ekoulman dlo ya avèk pi bon metòd yo pou pwoteje sante ak anviwònman lokal nou, sitou paske chanjman klima a afekte defi sa s,” “Pè mi modifye sa yo baze sou bon jan syans ak règleman, epi yo deziyen pou avanse jistis ak ekite, pou bay avantaj sante piblik serye pou sitwayen lokal yo ki te gen twòp pwoblèm akòz enkyetid anviwònman an pandan twòp tan. Anplis pèmi sa yo EPA bay, yo pral kontinye travay avèk patnè yo pou analize ak ede limite konsekans kimilatif kominote yo genyen avèk enkyetid pou jistis anviwònman an.”

Pèmi sa yo ap egzije enstalasyon yo pou yo adapte nan enpak an fonksyon klima a epi pou yo limite enpak yo tankou inondasyon monte nivo dlo lanmè, epi ouragan ki pi puisan ak onn tanpèt nan iperasyon enstalasyon yo. Pèmi yo egzije chak enstalasyon pou devlope yon “Plan pou Prevansyon Dlo Tanpèt” (Stormwater Pollution Prevention Plan, SWPPPP)ki gen ladan yon evalyasyon chak ane, avèk done ki modifye ak done prevantif tankou Modèl Massachusetts pou Risk pou Inondasyon Kotyè, enpak posib chanjman klima a sou dechaj polyan yo k ap soti nan enstalasyon li. Dapre evalyasyon anyèl la, chak enstalasyon dwe aplike mezi kontwòl avèk Pi Bon Pratik Jesyon k ap diminye nèt risk enpak yo nan evènman gwo ouragan ak inondasyon, epi ki konte pou inondasyon nan tan sèk, tankou inondasyon monte nivo lanmè a lakòz.

Pou reyalize pi bon pwoteksyon sante piblik ak pwoteksyon anviwònman an, pèmi yo gen limit pi sevè ki baze sou kalite dlo a, nouvo egzijans kontwòl pou sèten paramèt ki baze sou depresyasyon nan itilizasyon deziyen Rivyè Chelsea, ak egzijans amelyore pèmanan, tankou yon egzijans pou enstalasyon yo fè yon byo-evalyasyon resous bentik ak kalite sediman yo.

Travay EPA pou devlope pèmi yo rebay yo te gen ladan ranfòsman sansibilizasyon pou kominote toupre yo, yo bay nan anpil lang lè yo te bay pèmi yo kòm pwojè pou chèche kòmantè piblik la. Te gen remak enpòtan piblik la ki mande EPA pou limite efè negatif anpil faktè estrès anviwònman an sou kominote ki afekte yo, tankou Chelsea, Boston ak Revere. Enpak sa yo—tankou polisyon dlo ak polisyon lè— sipòte nan kominote ki pa resevwa ase sèvis ak kominote ki gen twòp pwoblèm epi, poutèt sa, enpak yo ap vin pi grav akòz tanperati ekstrèm chanjman klima a lakòz. Sipèvizyon pèmanan EPA ap fè pral asire enstalasyon yo konfòme yo avèk pèmi yo genyen pou pwoteje sante imen ak anviwònman ki toupre kominote yo ki gen enkyetid jistis anviwònman.

EPA gen entansyon pou kontinye angaje avèk manm kominote yo pou rezoud enkyetid yo endike sou pèmi sa yo. Pou pi byen konprann enpak kimilatif konplèks sa yo, pou pran avantaj sou dènye anons EPA konsènan yon nouvo biwo nasyonal ki devwe pou avanse jistis pou anviwònman an ak dwa sivil yo, EPA ap travay avèk patnè yo pou chèche konnen yon pwojè pou f rechèch sou enpak kimilatif nan kominote ki afekte yo. Travay sa a egzije kreyasyon yon pwosesis ki bati avèk moun ki konsène yo nan kominote a epi k ap alatèt pwosesis la.

Anmenmtan, EPA te pibliye yon pi gwo plan aksyon politik, pou prezante metòd li pou analize ak konsidere enpak kimilatif yo , jan sa apwopriye, pidevan pou fasilite ak planifye aksyon yo. Si analiz sa a bay “nouvo enfòmasyon” ki idantifye enpak sou anviwònman an EPA kapab elimine yo, EPA pral anvizaje re-louvri pèmi sa yo pou pwopoze modifuikasyon apwopriye, oswa pou itilizwe enfòmasyon yo pou enfòme pwochen seri pèmi yo. EPA angaje tou pou egzamine yon analiz sou enpak kimilatif pou endikasyon tretman diferan oswa enpak diferan an vyolasyon Tit VI Lwa konsènan Dwa Sivil yo– epi mli angaje pou yon pwojè planifikasyon pou anpil tan pou ede limite tout kalite enpak negatif sou kominote yo ki gen enkyetid pou jistis pou anviwònman an.

Rivyè Chelsea se yon rivyè kotyè k ap koule depi anbouchi Milll Creek ant Chelsea ak Revere pou rive nan Boston’s Inner Harbor, ant East Boston ak Chelsea. Commonwealth Massachusetts klase rivyè a kòm yon etandi dlo Klas SB, sa ki vle di kalite dlo rivyè a pa ta dwe kapab pou sipòte babotaj, natasyon, lapèch, kanotaj ak yon kominote pwason ak lavi akwatik ki bon pou sante. Yo konsidere Rivyè Chelsea kòm yon rivyè “ki pa pwòp” paske li pa sipòte itilizasyon sa yo akòz polyan tankou amonyak, oksijèn fonn ak

EPA ap fè efò tou sou transparans epi n ap kenbe piblik la enfòme sou pèmi sa yo. Nan SWPPP yo, chak enstalasyon ki resevwa pèmi a gen obligasyon pou prezante baz ak analiz done aksyon yo fè an detay ki ase pou pèmèt EPA, piblik la oswa yon moun endepandan kalifye evalye si desizyon an rezonab. Pèmi modifye yo disponib sou sitwèb sa a: https://www.epa.gov/npdes-permits/chelsea-river-bulk-petroleum-storage-facilities-npdes-permits. Nou pral afiche SWPPP yo pou chak enstalasyon sou sitwèb sa a chak ane, ansanm avèk yon rezime done kontwòl dechaj yo. Lòt enfòmasyon ap disponib tou poui ede piblik la enskri pou yo resevwa avi sou nenpòt vyolasyon, ak fason pou yo kontakte EPA pou kesyon ak enkyetid yo genyen.

Read the full article at: https://www.epa.gov/newsreleases/epa-water-bay-pemi-pou-enstalasyon-estokaj-petwol-brit-bulk-petroleum-storage

top